Prepare vwayaj mwen nan Meksik

Mwayen pouw pwoteje tèt ou antanke imigran

Nou konnen ke pran desizyon kite peyi ou pat yon bagay fasil, priyorite ou se rive nan destinasyon ou pou kapab satisfè bezwen fondamantal ou byen vit. Men, nou ta renmen fèw sonje ke sante mantal ou enpòtan nan tout pwosesis sa a.

 

Si ou santi ou fache, ou tris, wap enkyete,ou pè epi ou santi ou nan ensètitid,ou pa bezwen enkyete ou paske se yon bagay natirèl li ye e li bon pou ou lèw bay tèt ou tan pou santi sentiman sa yo epi pwosesel yo jan ou vle an pral ede ou gen plis enèji ak pral ede ou pran pi bon desizyon pou tèt ou nan chemen an, paske ou pral santi w plis trankil ak gen plis limyè. Ou kapab bay tèt ou yon ti moman pou kriye, respire, oswa pou ou santi w fache, kòm yon pati nan pwosesis lan pou swen tèt ou.

 

Estrès ak emosyon yo ka fè nou santi enèji nou ap diminye,ka gen kèk sentom ki ka prezante tankou fatig,ou pa ka domi,ou fache rapid oubyen ou esploze yon kadè. Pran Swen tèt nou mande nou pou nou itilize resous nou yo epi devlope zouti lakay nou epi kenbe byenèt nou atravè obzèvasyon nap fè sou tèt nou epi rekonèt bezwen nou yo.

Kisa mwen ka fè si mwen towouvem nan yon sitiyasyon mwè nwa oubyen mwen nan yon moman kriz?

  • Fè egzèsis respirasyon,wap kenbe souf ou pandan 4 fwa,wap kenbel pandan 4 fwa epi wap lage souf ou pandan 8fwa.Fè sa valè fwa ou santi sa nesesè,sa ap ede ou kalme rit kadyak ou epi wap santiw pi trankil.
  • Site non 5 bagay ou kapab santi ak chak sans ou yo:rayiman, gade, santiman, sant, gou.
  • Fè yon ti poz pou ou pran yon moman pou rete poukow.
  • Apwochem ak yon moun pou ou ka pale avèl sou kijanw santiw, paske kenbe koneksyon ak moun ki nan vwayaj ak ou ka kreye rezo sipò ki ka trè itil, se pa selman pran swen tèt ou nan wout la, men tou pou w pa santi ou poukont ou. Si wap vwayaje poukont ou, li enpòtan pou w kenbe kontak ak fanmi ou oswa zanmi yo.
  • Si ou renmen ekri, pote yon jounal sou kijan vwayaj ou te ye oswa arive ounan peyi nouvo sa a.
  • Lè nou santi nou wè nwa,strese, oswa plen ak emosyon, nou ka desidrate, se pou sa li enpòtan pou nou pa bliye bwè dlo.
  • Toujou gen yon plim ak yon fèy ak ou, sa pral ede ou fè desen ki pral ede ou redwi enkyetid ou. Si ou santi w pi kreyatif, eseye idantifye imaj nan desen ou an. Nou asire ou ke tan wap tann nan ap parèt mwens oubyen li ka pi amizan omwen.
  • Sonje ke anvan nou kouri, nou sipoze mache. Menm jan lè nou antre nan yon monn nouvo. Pa desespere, gen pasyans avèk tèt ou.
  • Si ou bezwen pale ak yon pwofesyonèl nan sante mantal, nou kite pou ou kèk kontak kote ou ka kontakte yo:

  • LOCATEL: 55 5658 11 11
  • SAPTEL: 800 472 7835/55 5259 8121
  • Consejo Ciudadano (li reserva whatsapp tou): 55 5533 5533
  • Línea de la vida: 800 911 20 00
  • CISAME: 53772755 
  • UNAM: 50250855 (De Lendi a
    Vandredi de 8 a 18 è)
     
  • UAM: 0155 58046444 o WhatsApp 0445564338395 (De Lendi a Vandredi 8 a 17è) 

Swen timoun yo ak adolesan yo 

Si ou ap fè vwayaj la ak pitit gason/pitit fi ou yo, nou konprann ke li trè difisil pou eksplike yo poukisa yo ap kouri kite peyi yo , kidonk nou ap konseye ou kijan ou ka di yo sa selon laj pitit gason/pitit fi ou a genyen an:

  • Si yo gen ant 2 a 7 an, sonje ke yo poko   gen ase kapasite pou konprann sa ki ap pase, kidonk nou rekòmande pou eksplike yo atravè desen (menm si nou pa atis) oswa atravè fason ou santi ou,se nòmal pou ou santi ou konsa.
  • Si yo gen ant 7 a 11 an, yo nan pwosesis pou yo konprann ke malgre distans ak peyi yo, fanmi yo, zanmi yo,yo ap toujou la, donk nou rekòmande, pale de bon ak move bagay ke nou te viv  e ke nan panse nou ak emosyon nou , orijin nou ap toujou rete menm nan.
  •  Si yo gen plis pase 11 an, nou dwe sonje ke adolesans ap apwoche!, epi pou anpil nan yo tout bagay  se tankou yon pil bagay.Sa ki pi rekomande se kominikasyon, menm si gen sijè ki fè nou mal alèz kòm paran, pitit nou ap remèsye nou paske ou ba yo vòt konfyans sa a pouw pale yo de sa ki ap pase ak jan nou  santi nou.
  • Benoit  laj pitit ou genyen, li enpòtan pou ou envite yo pale ak ou sou sa yo santi epi fè yo konnen yo ka fè ou konfyans epi nou se  yon ekip.
  • Si ou santiw gen pwoblèm dèske pitit fi ou oubyen pitit gason ou ap mal konpòte yo , yo pa tandew, yo gen pwoblèm nan lekòl, sa se peryòd adaptasyon an epi li enpòtan pou ou swiv sa men mande èd! Tout moun bezwen èd de tanzantan pou nou konnen kisa pou fè.
  • Si ou bezwen èd pou eksplike pitit ou sou sa kap pase an, nou gen kèk sous ki ka ede ou:

Kout:Beto ak Bella antre Chili https://www.youtube.com/watch?v=phZ7D2ooKJI 

Liv Ki gen istwa ke timoun ekri: https://www.unicef.org/chile/media/2466/file/mi_nacionalidad_tiene_cuento.pdf 

Kout avèk desen sou timoun Ki refijye
https://cdhcm.org.mx/wp-content/uploads/2018/04/cuentos-de-refugiados.pdf 

App pou ede prevni jèn kap touye tèt yo
https://www.appcalma.com/site/es/  

App Ku ap akinpanye ou emosyonèlman

Yana(Playstore o Appstore-Gratis) 

Sosyete Nasyonal Kwa Wouj nan rejyon an ak CICR rekòmande ou pran mezi pou swen tèt ou epi yo fè remak sou enpòtans pou modere konsekans imanitè ke popilasyon imigran an ap sibi.
  • Enfòme tèt ou. Li enpòtan anpil pou ou konnen byen wout ou pral swiv nan vwayaj ou an, klima ou gen pou ou konfwonte, abri ak sèvis ki disponib pou ede ou, avèk tout dokiman ak atik premye swen ki nesesè pou vwayaj ou.
  • Kominike. Kenbe kominikasyon souvan ak fanmi ou. Lap enpòtan pou ou si ou kapab memorize kèk nimewo  pou ka itilize yo si ou pa kapab sèvi ak telefòn ou.
  • Pran swen sante ou. Pwoteje tèt ou kont klima a, lontan bèt ki ka pike ou oubyen mòdew, pa vwayaje nan mwayen transpò ki ka koz ou gen aksidan, repozew epi vante pye ou, pote rad pou chanje, proteje li nan yon sachè plastik, asire ou rete byen hidrate, manje byen, epi yon bagay ki enpòtan anpil: veye sou sante ou. Si ou santi ou mal fizikman oswa emosyonèlman, chèche swen medikal; ou gen dwa resevwa swen gratis nan tout peyi Meksik la.
 Meksik ak Amerik Santral: Mesaj pou imigran yo pran swen tèt yo, nan Komite Entènasyonal Kwa Wouj la. Plis enfòmasyon ak grafik yo disponib nan:

https://www.icrc.org/es/document/mexico-y-america-central-mensajes-de-auto-cuidado-para-personas-migrantes

 

 

*Sin fronteras IAP pa reprezante okenn enstitisyin piblik oubyen gouvènman.Pou plis enfòmasyon konsilte sot ofisyèl lan:

https://www.icrc.org/es

COMPARTIR
COMENTARIOS