Prepare vwayaj mwen nan Meksik

Viza pou rezon imanitè nan meksik

Kisa ou ap bezwen pouw ka gen visa pou rezon imanitè a nan meksik?

Kisa ou ap bezwen pouw ka gen visa pou rezon imanitè a nan meksik?

Sa ou ap bezwen yo ap depann de koz  imanitè ki fè ou ap mande dokiman migratwa a,si e pou lyen familye oubyen enterè piblik. An jeneral,wap bezwen yon paspò oubyen yon idantifikasyon de peyi orijin ou,yon fòmilè INM,plis yon dokiman ki ka sipòte rezon imanitè a.

Li aplike nan ka sa yo:

  • Lè yo ofansew, viktim, oswa temwen de yon krim ki te fèt nan Meksik: yon dokiman piblik ke yon otorite konpetan bay(Ministè Piblik, Tribinal, Komisyon ejekitif pou Swen Viktim) ki esplike kalite ofans lan,viktim oubyen temwen de yon krim.
  • Moun kap mande azil: Se Komisyon Meksiken pou ede Refijye ki bay pwotokol pou demand azil lan
  • Risk sou sante oswa lavi: Sètifika medikal sa se yon enstitisyon sante piblik ki ka bay li kote ke yap esplike rezon ki jistifye pèmanans ou nan peyi an.
  • Asistans a yon manm nan fanmiw ki malad grav: Yon sètifika medikal de yon enstitisyon sante kote ke yo pwouve ke eta sante fanmiw lan grav vre epi dokiman ki pwouve ke se fanmi nou ye tout bon.
  • Ti fi, ti gason, oswa adolesan.

Ki benefis kat visa pou rezon imanitè a genyen?

  • Visa oubyen kat pou rezon imanitè a pèmèt moun nan rete nan Meksik de 180 jou a 1 an epi ou ka itilize li pouw travay.
  • An jeneral,Dokiman sa pèmèt ou tranzite nan peyi a,ou ka sòti epi antre nan Meksik,nan ka ou ke se azil ou te mande pouw genyenl,ou pap ka soti ni tranzite nan Meksik.
  • Nenpot jan an wap gen pèmi travay( menm lè kat la dil) epi li gen yon CURP.

Kijan ou ka renouvle viza pou rezon imanitè a?

Ou ka renouvle li 30 jou avan li espire,san jou ferye a pa ladan.Ou sipoze prezante paspò oubyen yon dokiman idantite de peyi orijin ou epi pwouve kew te mete koz ki te motive pou yo te baw viza a, sa vle di sètifika medikal lan,Pwotokol pou azil lan,etc.

Kibo mwen ka tramite viza pou rezon imanitè a ?

Ou ka tramite Kat pou rezon imanitè a nan nenpot biwo reprezantasyon enstiti nasyonal migrasyon. Konsilte orè atansyon yo la:

https://www.gob.mx/inm/acciones-y-programas/horario-y-oficinas-del-inm

 

 

Contigo Sin Fronteras rekomandew: ¿Qué es la tarjeta de visitante por razones humanitarias y cómo la consigo? 👉

 

*Sin Fronteras IAP pa reprezante okenn enstitisyon piblik oubyen gouvènman.Pou plis enfòmasyon
Vizite:https://www.gob.mx/tramites/ficha/visa-por-razones-humanitarias/INM74

COMPARTIR
COMENTARIOS