Prepare vwayaj mwen nan Meksik

Kisa ki ka rive antanke touris si otorite imigrasyon kenbem nan aewopò a?

Kisa ki ka rive antanke touris si otorite imigrasyon kenbem nan aewopò a?

 

Nan ka ou se touris, Otorite imigrasyon ta kenbew nan aewopò a

  • Pandan ke ou rive Meksik
  1. Apre premye entèvyou a, yo met yon so sou  paspò a epi yo baw yon ti fòm migratwa miltip ( dokiman sa ou sipoze genyenl nan menw a nenpòt moman epi voye fotol bay yon moun ou knen oubyen yon fanmiw )
  2. Si yo detekte yon pwoblèm oubyen si gen yon enfòmasyon pou verifye, yo  ka mennen ou nan yon dezyèm entèvyou pou yo ka verifye li, dapre lwa INM,yo pa dwe kenbew depase 4 èdtan. Pandan dezyèm revizyon sa a, INM ka aksepte ou antre  oswa pran desizyon pou yo  retounenw nan peyi orijin ou nan vòl ki pi pwòch la. Sa a se sityasyon ki pi mal la e li souvan rive lè gen yon pwoblèm.

Pandan dezyèm revizyon an, ou gen dwa pou:

  • Yon apèl (nou rekomande ou kontakte moun ou genyen ki ka edew nan Meksik lan)
  •  Konnen rezon ki fè yo ap retounen ou an epi pwoblèm ke otorite imigrasyon an detekte
  • Resevwa yon kopi de rezolisyon an kote yo esplike rezon ki fè yo deside retounen ou nan peyi orijin ou
  • Yo voyew tounen nan peyi ou nan 24 èdtan aprè ou rive. Ou gen dwa resevwa swen medikal si tout fwa li nesesè, enfòmasyon sou rezon ki fè yo mennen ou nan dezyèm revizyon, ak manje apwopriye
  • Kominike avèk konsila ou an si li nesesè.

  • Si ou panse youn nan dwa sa yo te vyole, ou menm oswa yon lòt moun ka depoze yon plent devan Komisyon Nasyonal Dwa Moun (Comisión Nacional de Derechos Humanos) (CNDH) pou denonse li

 

Ou ka fè sa:

  • En liy,nan paj sa https://atencionciudadana.cndh.org.mx
  • Pa telefòn nan liy atansyon an pandan 24 èdtan,800-715-2000, 555-681-8125 avèk 555-490-7400 epi
  • Nan biwo CDNH la ki nan Periférico Sur #3469, San Jerónimo Lídice, Alcaldía La Magdalena Contreras C.P. 10200, Ciudad de México, (Yo bay sèvis pandan tout jounen an 24/24)

Siw vle ale dirèkteman:  en República de Cuba #60, Centro Histórico, Alcaldía Cuauhtémoc, C.P. 06010, Ciudad de México(De lendi a vandredi de 9:00 a 18:30).

 

Si tout fwa ou pa ka ale nan biwo ki nan vil Meksik lan,ou ka chèche biwo ki pi prèw la nan Link sa https://www.cndh.org.mx/Sedes

Si tout fwa ou prezantel enliy oubyen nan biwo CDNH, ou ap gen pouw ekri yon lèt ki ap gen ladanl:

  • Yon bref rezime de zak otorite imigrasyon ante poze an.
  • Yo ta dwe site non,siyati, adrès, ak si posib nimewo telefòn oswa imèl moun ki ap pote plent la.
  • Dokiman sa a dwe siyen pa moun ki pote plent la, e si moun sa a pa kapab oswa pa konn ekri li dwe mete anprent li

 

*Sin Fronteras IAP pa reprezante okenn enstitisyon piblik oubyen gouvènman.Pou plis enfòmasyon vizite: Preguntas frecuentes | Comisión Nacional de los Derechos Humanos – México (cndh.org.mx) 

COMPARTIR
COMENTARIOS