Swen sante

Byennèt emosyonèl 👉

10 konsèy pratik pou swen sante mantal

 

 

  • Nou konnen souvan sante mantal pa priyorite nou, byenke li jwe yon wòl enpòtan tou nan fason nou santi nou pandan vwayaj la ak fason nou entegre nan sosyete a.
  • Nou ap sijere ou kèk konsèy pratik pou pran an konsiderasyon si wap vwayaje poukont ou oswa ak fanmi ou.

 

Si ou ap fè vwayaj la ak pitit gason/pitit fi ou yo, nou konprann ke li trè difisil pou eksplike yo poukisa yo ap kouri kite peyi yo , kidonk nou ap konseye ou kijan ou ka di yo sa selon laj pitit gason/pitit fi ou a genyen an:

  • Si yo gen ant 2 a 7 an, sonje ke yo poko gen ase kapasite pou konprann sa ki ap pase, kidonk nou rekòmande pou eksplike yo atravè desen (menm si nou pa atis) oswa atravè fason ou santi ou,se nòmal pou ou santi ou konsa.
  • Si yo gen ant 7 a 11 an, yo nan pwosesis pou yo konprann ke malgre distans ak peyi yo, fanmi yo, zanmi yo,yo ap toujou la, donk nou rekòmande, pale de bon ak move bagay ke nou te viv  e ke nan panse nou ak emosyon nou, orijin nou ap toujou rete menm nan. 
  • Si yo gen plis pase 11 an, nou dwe sonje ke adolesans ap apwoche!, epi pou anpil nan yo tout bagay  se tankou yon pil bagay.Sa ki pi rekomande se kominikasyon, menm si gen sijè ki fè nou mal alèz kòm paran, pitit nou ap remèsye nou paske ou ba yo vòt konfyans sa a pouw pale yo de sa ki ap pase ak jan nou  santi nou.

Kounye a, ann pale lè nou fin chita nan Meksik.

Si ou santiw gen pwoblèm dèske pitit fi ou oubyen pitit gason ou ap mal konpòte yo , yo pa tandew, yo gen pwoblèm nan lekòl, sa se peryòd adaptasyon an epi li enpòtan pou ou swiv sa men mande èd! Tout moun bezwen èd de tanzantan pou nou konnen kisa pou fè.

Ann pale de ou kounye a.

  • Se yon bagay ki nòmal pouw santiw mal epi gen fwa ou konn santi ou anvi fèmen liv la. Men sonje si ou gen panse kote ou pa gen volonte pou kontinye avanse,petèt se moman pou ou pale ak yon moun 
  • Si ou renmen ekri, ekri yon jounal sou koman vwayaj ou an te ye oubyen sou arivew nan nouvo peyi sa. 
  • Nou konnen pou rive nan Meksik,ou fè yon trajè ki vrèman long e fatige epi nou konnen ke ou gen lòt priyorite men nou ap rekòmande ou pa bliye tèt ou.Kijan? Si ou pa gen volonte pou pran swen tèt ou, si ou ap fè move rèv oswa ou santiw  toujou an kòlè, tris oswa fache, petèt se moman pou priorize sa kap pase nan mond entèn ou.
  • Nou konnen gen dat ki enpòtan ki kapab mete nou plis tris oswa plis fache, petèt ke eseye pale ak yon moun deyò ka ede ou atravè move moman sa yo.
  • Li enpòtan pou nou di sa: alkòl ak dwòg ka jwe yon wòl enpòtan nan lavi nou e menm si nou pa vle asepte sa, li kòmanse pran pouvwa sou nou epi nou fini pa pedi kontwòl.
  • Si ou nan atant nan kèk biwo gouvènman an, toujou pot yon plim ak yon fèy bò kote ou pou ou fè desen ki ka ede ou diminye sou enkyetid ou.Si ou santi ou plis kreyatif, eseye idantifye imaj nan desen ou yo. Nou asire ou ke tan an ap vin parèt mwens.
  • Li nòmal pou gen sansasyon dezespwa, enkyetid.Ou fèk antre nan yon peyi, yon kilti, yon tradisyon, yon lang, epi souvan nou pote chay ki plis pase sa nou kapab pote.Eseye avanse piti piti epi mande èd petèt sa ka pi fasil pou ou pou pale de pwoblèm ou yo.
  • Sonje avan ou kouri, fòk nou mache . Se konsa sa ye lèw antre nan yon nouvo mond.Pa desespere, mande pou èd epi swiv sa kap pase.

 

Moun ki bay èd gratis nan domèn psikolojik ak psikiyatrik

Aplikasyon ki ka itil ou

Si ou santi emosyon yo ap fè ou wè nwa, ou santi ou ap pèdi kontwòl ou, ou toujou gen panse sou lanmò, ou panse ou ka fè aksyon ki ka mete lavi ou oswa lavi yon lòt moun an danje, oswa ou te resevwa yon diagnostik psikiyatrik, petèt se moman pou ou chèche atansyon psikiyatrik.

Nou vle fèw sonje ke malgre tout tabou ki egziste sou sa a,ou pa dwe santi ou wont, se yon trè gran desizyon lèw deside al mande èd pou ou ka santi ou pi byen, se swen tèt ou wap pran!
Nap kite ou ak enfòmasyon sou kèk kote ou ka ale pou ou ka jwenn atansyon gratis nan peyi a:

https://www.gob.mx/cms/uploads/attachment/file/646095/psiquiatricos.pdf

Siw nan vil Meksik lan ou ka ale nan:

  • Consejo Ciudadano: 5533 5533 (24 èdtan chak jou nan 365 jou.)
  • CISAME: 53772755
  • UNAM: 50250855 (Soti lendi rive vandredi. Soti 8 zè maten rive 6 zè swa)
  • UAM: 0155 58046444 ó whatsapp 0445564338395 (Soti lendi rive vandredi. Soti 8 zè maten rive 5 zè swa)
  • SAPTEL: 01800 4727835 (24 èdtan chak jou nan 365 jou.)

La wap jwenn atik ak aplikasyon ki kapab itil ou men sonje ke pa gen anyen ki ka pi mye ke lèw jwenn yon pwofesyonèl edew,aplikasyon yo pa garantiw anyen 

  • Artículo de Buzzfeed Li ka edew siw gen yon kriz si ou pa nan vil Meksik lan epi ou ap chèche yon atansyon de kalite.
  • App Ki ede ou prevni e anpeche jèn touye tèt yo
  • App Pou ede ou kontwole depresyon

Pou nou ka fini,yon bagay ki enpòtan:

Si tout fwa ou gen yon kriz psikotik,ou bezwen atansyon espesyalize epi tretman ki pa koute chè ou ka ale kote sa yo,yap pran ka ou san pwoblem.Ou ap sèlman bezwen pote yon idantifikasyon ofisyèl epi al pran liy bonè pouw ka pran fich. 

CECOSAM

  • CECOSAM
  • 5540 4749  
  • Calle Dr. Enrique Gonzáles Martínez No. 13  Col. Santa María la Ribera 
  • Instituto Nacional de Psiquiatría “Ramón de la Fuente”
  • 55 4160 5000 
  • Calz México-Xochimilco 101, Huipulco, 14370 Ciudad de México, CDMX
  • Clínica de Salud Mental. Dpto. de Psicología Médica Psiquiátrica y Salud Mental
    Facultad de Medicina de la UNAM (Fakilte Medsin UNAM)
  • (915) 623 2128, 5616 2475

  • Circuito Interior y Cerro del Agua (70167)
    Cd. Universitaria, CP. 04510, México, D.F. 
  • Hospital Campestre “Dr. Samuel Ramírez Moreno”
  • 5842 1602 // 5842 1610.

  • Carretera México-Puebla
    Santa Catarina Tláhuac, México, D.F. 
  • Hospital Psiquiátrico “Fray Bernardino Alvarez”
  • 5573 0386 // 5573 1550 // 5573 0387.

  • Av. San Buenaventura y Niño Jesús, Tlalpan.
    CP. 14000, México, D.F. 

 

*Sin Fronteras IAP pa reprezante okenn enstitisyon piblik oubyen gouvènman.Pou  plis enfòmasyon, vizite: https://www.salud.cdmx.gob.mx/

COMPARTIR
COMENTARIOS