Swen sante

Evite Diskriminasyon 👉

Kisa pou mwen ka fè si mwen sibi yon diskriminasyon?

1Idantifye: Ou sibi yon diskriminasyon lè yon moun jijew selon kèk karakteristik pèsonèl tankou nasyonalite ou, koulè po ou, lang ou pale, sèks ou, preferans seksyèl ou, andikap, relijyon oswa sitiyasyon sosyoekonomik ou,etc.

2Sonje ke diskriminasyon an ka fèt sou plizyè fòm: li ka yon jouman,yon agresyon fizik,oubyen yo ka limitew enjisteman aksè ak kèk sèvis oubyen dwa ke ou genyen tankou transpò,sante,jistis,etc.

3Si moun ki ap diskrimine ou an ap eseye blese ou oswa kòz nenpòt domaj pou entegridad fizik ou, Sòti kòw kotel la imedyatman epi al kote yon otorite tankou lapolis

4Si lòt moun nan pa mete ou an danje, ou ka eseye mete ou nan plas li:reflechi si li fè sa a paske li pa konnen oswa si li fè sa entansyonèlman pou fè ou mal. Ou ka ba li enfòmasyon oswa oryante li sou ki moun ou ye ak karakteristik ou ki kreye konfli an. Si li kontinye reyaji negatifman, se yon moun ki ap fè intansyonèlman, nan ka sa a li tap pi bon pouw elwanyew epi si ou vle ou ka kontakte otorite yo pou denonse li oubyen ale dirèkteman.

5Eseye konprann ke moun sa ka santi li pè Oubyen li fache akoz li ka gen yon prejije Ki ewone,poutèt sa ou dwe evite pran an kont pwovokasyon sa yo pouw pa antre nan gwo diskisyon Ki ka metew an danje.

6Nan ka ou vle pran aksyon ki pou pini moun ki fè diskriminasyon kont ou a, ou ka pwoche bò kote otorite yo. Nan Meksik ou ka ale nan CONAPRED ak nan CDMX(vil Meksik lan) nan COPRED, tou 2 òganizasyon yo ka leve yon plent epi fè aksyon an favè ou.

7Sonje ke li nòmal pou ou santi ou tris oswa fache apre w fin viv diskriminasyon an, lè w fè eksperyans sa a, pa kenbe li pou kont ou: kite yo soti ou la pale sa ak ak yon moun ou konnen, ou ka fè kèk aktivite fizik tankou spò, ou ka kriye oswa rele nan yon kote ki izole, fason sa a ou pral santi w plis soulaje epi wap kapab panse pi byen sou sa ki te pase.

8Pafwa lè nou viv yon diskriminasyon nou ka panse se akòz yon bagay nou te fè, sepandan, se pa fòt nou: se aksyon moun ki inyore oswa rayi kèk gwoup san rezon, anjeneral ki baze sou prejije yo aprann, se pa fòt ou epi li pa depann de ou.

9Si sa posib, mennen ankèt sou lwa peyi a sou diskriminasyon ak dwa ou yo, sa ap ede ou pou ou ka konnen pi byen kot Ki moun ou ka ale ak nan ki ka ou ka resevwa èd nan men otorite yo.

10Reflechi sou aksyon ou yo ak lide ou yo pou ou pa fè diskriminasyon: li posib pou ou fè diskriminasyon kont lòt moun san ou pa rann ou kont sa, fè yo viv e santi yo menm jan avèw lè ou te viv eksperyans sa.

COMPARTIR
COMENTARIOS