Sèvis Sin fronteras

Sèvis sikososyal 👉

Aksè a sèvis sante:

Si ou bezwen sipò pou swen sante ou, nou ka ba ou sèvis sa yo:

  • Kanalizasyon ak akonpayman pou ou ka jwenn aksè ak sèvis sante piblik.
  • Kanalizasyon ak akonpayman pou ou ka jwenn aksè ak sèvis prive sante ak dezyèm opinyon.
  • Pago de medicamentos bajo evaluación socioeconómica y receta expedida en servicios de salud pública.
  • Founi ou presèvatif.
  • Enfòmasyon pou nou prevni ou ak oryantasyon sou swen sante fizik ou.
  • Enfòmasyon prevantif ak oryantasyon sou swen sante seksyèl ak reproduktif ou.

Ou ka kontakte sèvis Travay Sosyal la pou ou ka jwenn aksè ak sèvis sa yo. 

  • Sonje ke aksè ak sèvis nou yo depann de yon evalyasyon an fonksyon de sitiyasyon ou,kritè nou yo , ak resous ki disponib yo.

 

Sèvis edikatif

Si ou bezwen sipò pou ale lekòl, rekòmanse lekòl ou, oswa valide konesans ou te gen avan yo, nou ka ba ou sèvis sa yo:

  • Kanalizasyon ak akonpayman pou jwenn aksè ak edikasyon baz fòmèl (primè, segondè, ak Baccalauréat).
  • Achte materyèl pou jwenn aksè ak edikasyon baz fòmèl (primè ak segondè).
  • Sipò nan achte materyèl edikatif pou yon edikasyon fòmèl ak bazik.
  • Kanalizasyon ak akonpayman pouw ka jwenn aksè pouw revalide etid ou yo .
  • Klas sou edikasyon bazik pou granmoun

Ou ka kontakte travay sosyal pou ou ka jwenn aksè ak sèvis sa yo.

  • Sonje ke aksè ak sèvis nou yo depann de yon evalyasyon an fonksyon de sitiyasyon ou,kritè nou yo , ak resous ki disponib yo.

 

Aksè ak travay

Si ou vle sipò pou jwenn yon travay o amelyore kapasite ou pou sa, nou ka bay ou sèvis sa yo:

  • Kanalizasyon ak akonpayman pou jwenn yon travay.
  • Kanalizasyon ak akonpayman pou òf travay yo.
  • Oryantasyon pou devlope kapasite ki pa fòmèl pou travay (CV, itilizasyon zouti enfòmatik).
  • Oryantasyon ak akonpayman pou jwenn aksè ak fòmasyon pou travay.
  • Achte materyèl pou jwenn aksè nan fòmasyon pou travay

Ou ka kontakte centro de día pou ou ka gen aksè ak sèvis sa yo.

  • Sonje ke aksè ak sèvis nou yo depann de yon evalyasyon an fonksyon de sitiyasyon ou,kritè nou yo , ak resous ki disponib yo.

 

Sipò pou entregrasyon kominote a

Nou ka ede ou nan sèvis ki ap amelyore lavi kotidyèn ou epi pouw ka gen aksè a divès benefis ke enstitisyon yo ka ofri, tankou:

  • Kanalizasyon ak akonpayman pou jwenn aksè nan pwogram sosyal gouvènman ak non gouvènman.
  • Pwovizyon manje ak bagay pouw pase nan bouch ou nan centro de día a.
  • Sipò pou transpò.
  • Sèvis rekreyatif: Sal jwèt pou timoun yo;sal jwèt pou jèn ak granmoun; bibliyotèk entèkiltirèl.
  • Aksè gratis ak entènèt.
  • Aksè gratis pou pale nan telefòn.
  • Konsèy pou lavi kotidyèn ou nan Meksik (kijan pou itilize lajan, transpò piblik oswa lòt sijè).
  • Vizit ak aktivite sosyo-kiltirèl.

Ou ka kontakte centro de día pou ou ka gen aksè ak sèvis sa yo.

  • Sonje ke aksè ak sèvis nou yo depann de yon evalyasyon an fonksyon de sitiyasyon ou,kritè nou yo , ak resous ki disponib yo.

 

Aprann pale espagnol

 

Si lang matènèl ou pa lang espayòl e ou vle aprann li, nou ka ofri ou sèvis sa yo:

  • Klas espayòl pou etranje
  • Konvèsasyon sosyo-kiltirèl.
  • Kanalizasyon ak bous pou aprann espanyòl la nan Sant pou anseye etranje yo nan UNAM.

Ou ka kontakte nan area akonpayman sikososyal pou ou ka gen aksè ak sèvis sa yo.

  • Sonje ke aksè ak sèvis nou yo depann de yon evalyasyon an fonksyon de sitiyasyon ou,kritè nou yo , ak resous ki disponib yo.

 

Swen a sante mantal

Si wè ke ou bezwen sipò pou amelyore eta emosyonèl ou oswa ou senpleman vle libere kè ou ak yon moun, nou ka ofri ou sèvis sa yo:

  • Sèvis atansyon sikolojik endividyèl 
  • Sèvis atansyon sikolojik kolektif 
  • Kanalizasyon ak akonpayman pou jwenn aksè a sèvis piblik de swen sikolojik ak sikyatwik.

Tout sèvis nou yo gratis

Si tout fwa ou gen yon dout kominikew nan nimewo + 52 1 55 76 88 87 84

Nou bay sèvis de Lendi a Jedi depi 8:30 nan maten rive jiska 5:00 nan aprè midi epi lè vendredi depi nan 8:30 nan maten rive  jiska 2:00 nan aprè midi.

COMPARTIR
COMENTARIOS