Sèvis Sin fronteras

Sèvis legal 👉

 

Ekip legal la gen domèn Azil, Klinik Legal pou Dokimantasyon Migrasyon ak Idantite (CJDMI), ak domèn Defansè.

Daprè bezwen ou ak kapasite òganizasyon an, atansyon ke ekip legal la ap founi an ka fèt nan twa nivo diferan:

Oryantasyon
Li bay ou enfòmasyon jeneral sou kad legal yo, dwa, ak pwosedi yo.
Konsèy
Anplis enfòmasyon an, yo ede moun yo ak ekri kèk dokiman pou gen aksè a dwa yo.
Reprezantasyon
Yon fwa yo analize dosye ou an,ekip legal ap pran en chaj devlopman estrateji pou reprezantasyon resous legal ki nesesè pou sipòte rezolisyon sitiyasyon ou an.

Sèvis yo ofri se:

  • Pou jwenn dokiman migratwa
  • Sipò pou peye amann ak demach yo , si tout fwa gen resous ki disponib e ki ka kouvri kritè sipò an
  • Pou mande kondisyon refijye a
  • Pou jwenn dokiman idantite (ak de nesans pou timoun ki fèt Meksik ak paran ki etranje)
  • Pou jwenn nasyonalite meksiken an
  • Detansyon migratwa
  • Atansyon ak moun yo vyole dwa yo paske yo se etranje 
  • Litij estratejik
  • Kanalizasyon dosye yo a avoka nan rezo Probono an pou resevwa konsèy nan lot domèn dwa.

Tout sèvis nou yo gratis 

Si tout fwa ou gen yon dout kominikew nan nimewo: (5255) 55-14-15-19/ (5255) 55-14-15-21

Nou bay sèvis de Lendi a Jedi depi 8:30 nan maten rive jiska 5:00 nan aprè midi epi lè vendredi depi nan 8:30 nan maten rive jiska 2:00 nan aprè midi.

 

COMPARTIR
COMENTARIOS