Mande Azil

Mwayen pouw pwoteje tèt ou antanke imigran

Si laviw an danje oubyen ou paka retounen nan peyiw,ou ka mande pwoteksyon antanke refijye na Meksik.

Men, ou dwe konnen ke pa gen okenn garanti ke peyi a ap bay ou azil la. Nan moman sa a, akoz pandemi a ak gwo kantite moun ki ap mande azil, demach yo pran plis tan pase sa yo ta dwe pran. Ou sipoze pran anpil prekosyon.

Komanw ka mande azil?

Yon fwa ke ou antre sou teritwa meksiken an,ou dwe manifeste devan otorite yo anvi ke ou genyen pouw mande azil paske ou pè retounen nan peyiw. Apati de moman sa ou gen dwa pou yo pa retounenw nan peyiw( yo paka voyew tounen) e leta meksiken an oblije pwotejew epi fè  swivi ak demand ou an.

Demach pou yo rekonèt ou kom refijye a fèt nan COMAR ,sèl li menm ki ka bay rezolisyon an.Si tout fwa vil ou ye a pa gen biwo COMAR,demand lan ap fèt nan INM( imigrasyon) ki gen biwo reprezantasyon nan tout peyi an.

** Janw ak kondisyon ou antre nan peyi a pa enpotan, ou gen dwa pouw mande azil e  resevwa pwoteksyon pandan otorite(COMAR) ap analize dosye ou an poul konnen si lap baw oubyen no refijye nan peyi Meksik. Nan ka ke rezolisyon an ta negativ e sa rann sitiyasyon ou an vilnerab,ou gen dwa pouw mande yo revize dosye ou an anko.

Sin fronteras IAP gen yon ekip legal ki ka akonpanye ou pandan pwosesis lan.

⇒ Comunicate con COMAR: ¿Dónde puedo solicitar asilo?

Kisa moun nan ap bezwen?

 

Koman pou mwen mande refijye: 

 

⇒ Li enpotan pouw konsidere ke pwosesis pouw mande refijye nan COMAR lan pa yon mwayen pou gen regilarizasyon migratwa,se yon mwayen de pwoteksyon li ye.

⇒Ou gen 30 jou pouw prezante demand ou an aprè ou fin antre nan Meksik, si ou kite 30 jou an pase ou sipoze esplike rezon kifè ou pat prezante demand ou an avan.

Sonje ke pouw fè demand lan ou supoze pran randevou.

Depi out 2021, kantite moun kap mande azil nan Meksik depase kapasite COMAR poul ta bay atansyon nan tan ki fikse pa lalwa a. Se poutèt sa li enpòtan pou ou konnen si ou deside mande azil nan Meksik, ou ka pase anpil jou avan ou fè demann ou an epi pi plis toujou anvan ou jwenn yon rezolisyon.

*Sin fronteras IAP pa reprezante okenn enstitisyin piblik oubyen gouvènman.Pou plis enfòmasyon konsilte sot ofisyèl lan:

https://www.gob.mx/comar

COMPARTIR
COMENTARIOS